• Bookmark
  • Print

Creole

Creole Welcome

Keksyon ak Repons Sou Swen e Sèvis Hospice

Misyon Nou_ Pou bay premye swen sante a moun la vi yo prèske fini. Sèvis fèt pou ameliore kalite la vi lè yo konsantre sou espesifik bezwen pasyan ak fanmi yo.

Son bagay ki fè moun pè anpil lè ke oumenm ou on moun ou renmen resevwa nouvèl ki di ke ou gen on maladi ki ap limite la vi-ou. Nan menm moman sa, ou santi tout sa ou renmen ou konnen ka chanje pou tou tan. Ou pa bezwen santi ou sèl. Hospice Broward County kapab ba-ou ou moun ou renmen swen, direksyon e sipò ke ou bezwen e merite.

Ki sa Hospice ye menm?

Hospice se on filozifi de swen ki espesyalize nan bay pasyan ak fanmi-l tout swen yo gen bezwen lè la vi yo ap apwoche fin-l. Kalite la vi se sak pi enpòtan pou yo. Ekip pwofesyonel Hospice la kreye on plan de sèvis pou adrese espesifik bezwen fizik, emosyonèl e spirityèl chak pasyan ak fanmil-l.

Ki lès ki ka resevwa swen Hospice?

Swen Hospice disponib pou nenpòt moun ki gen on maladi ki limite la vi-l a si mwa ou mwens e ki vle sèvis. Hospice Broward County pran swen pasyan ki gen nenpòt ki laj ki gen nenpòt ki maladi, pa sèlman kansè.

Koman on moun komanse resevwa swen Hospice?

Nan Hospice Broward County, nou fè li fasil pou ou. Li pran on apèl telefòn ke ou fè, ou doktè-w, ou nenpòt moun pou ka komanse resevwa swen Hospice.

Ki lès ki bay swen nan Hospice?

Ekip Hospice la trè byen antrene nan swen ki pou bay repo e soulajman. Je yo rete sou kòman yo ka bay konfò a pasyan e fanmi-l.

Doktè Hospice Yo Asistan Enfimyè Ki Sètifye Terapis de Ar Doktè Pesonèl Ou Sosyal Wokè Nitrisyonis Famasyen Konseye Pastoral Volontè Enfimyè Terapis de Mizik Konseye Pou Moun Ki Fè Pèt

-----------------------------------------------------------------------------

Rele nou nan 954.267.3840 ou (888) 848.5200

Koman Hospice Broward County ka ede-m ak fanmi-m?

  • Yap ede ak doulè-w e kenbe-w konfotab.
  • Yap bay sipè emosyonèl a oumen-m ak fanmi-ou.
  • Yap okipe yo de bezwen spirityel ou.
  • Yap ede ou avèk aktivite de chak jou ou.
  • Yap bay sipo pou pèt a fanmi-ou.
  • Yap fè sa yo kapab pou yo konsève diyite-ou.
  • Yap bay kalite de vi a oumenm ak fanmi-ou.

Konbyen Hospice koute?

Hospice se yon benefis ki anba kouvèti total Medicare, Medicaid e pifo asirans prive. Benefis sa kouvri swen ke Ekip la bay, medikaman, ekipman e materyèl medikal ki gen rapo avèk maladi ki rakousi la vi. Yo bay swen san konsidere asirans ou sityasyon finans.

Eske Hospice Broward County ofri anken lot sevis a kominote-ya?

Hospice Broward County dedye pou li ranpli bezwen swen nan fen vi on moun pou kominote-ya e pakonsekan ofri anpil pwogram anplis de swen Hospice.

CAREGIVER SUPPORT GROUP

pou sa yo kap bay swen a moun ki malad anpil.

HORIZONS SUPPORTIVE CARE

pou individi ak fanmi-yo kap fè fas a maladi ki chanje la vi seryezman ou kondisyon ki kap gen efè sou kalite la vi a an jeneral.

LOSS-SPECIFIC BEREAVEMENT SUPPORT

pou lè youn pèdi paran-l, epou-l, patnè-l, frè ou sè-l, ou pitit-li.

SUDDEN LOSS

pou sa yo ki ap fè fas a yon pèt akoz de yon lanmò sibit, aksidan, swisid ou omisid.

PREGNANCY AND INFANT LOSS

pou sa yo kap degage yo avèk pèt nan gwosès a koz de avotman ou movèz kouche, ou lanmò de pitit ou ti moun.

SPECIALIZED CHILDREN’S PROGRAMS

bay sipò a individi, fanmi, gwoup, e lekòl.

Rele 954.267.3840 ou (888) 848-5200
550 W Cypress Creek Road, Suite 370
Fort Lauderdale, Florida 33309

Legal Consent Forms

Florid Dwa e Reskonsablite Pasyan

Florid Lod Pou Pa Recicite

Informed Consent & Election of Benefits in Creole